Une femme, un fils, une mission

[124] Fanm ki leve, fanm ki chwazi tèt li

Mwen se yon fanm. Men pa nenpòt fanm. Mwen se yon fanm ki tonbe… epi ki leve ankò, chak fwa lavi ap eseye kraze m.

Nan lavi mwen, mwen te pase nan doulè, nan doute, nan fatig. Mwen te pote chay, responsabilite, kè sote san solisyon. Men gen yon bagay mwen pa janm pèdi : volonte pou m leve, pou m kontinye, pou m fè plis pase sa yo espere de mwen.

Mwen se manman. Mwen se antreprenè. Mwen se yon fanm k ap konstwi lavi li ak konsyans, ak kouraj, ak lafwa.

Chak aksyon mwen fè, mwen fè l ak entansyon. Mwen aprann tande tèt mwen. Mwen aprann respekte limit mwen. Mwen aprann chwazi mwen, san eskize, san pèmisyon.

Metamòfoz mwen pa sèlman deyò. Li fèt anndan. Li fèt nan fason mwen panse. Li fèt nan fason mwen pale ak tèt mwen. Li fèt nan fason mwen di NON lè sa nesesè.

Mwen kwè nan travay, nan disiplin, nan lafwa. Mwen kwè nan kapasite yon fanm pou l chanje tout destin li.

Jodi a, mwen pa la pou m fè moun plezi. Mwen la pou m viv verite mwen. Pou m grandi. Pou m transmèt. Pou m briye san eskize.

Lè yon fanm di “ase”, se pa feblès

Gen moman nan lavi kote ou pa bezwen plis kouraj. Ou bezwen repo.

Jodi a, mwen fatige. Pa fatige pou m lage. Fatige pou m kontinye pote tout bagay pou tout moun.

Mwen pran desizyon ki lou. Mwen konnen kèk nan yo pap fasil pou lavni. Men jodi a, se pa lavni m ap jere. Se prezan an.

Gen batay mwen sispann mennen. Pa paske mwen pè. Men paske mwen konprann ke tout sa ki pa avanse pa fòseman bloke — pafwa se mwen ki bezwen kanpe pou m respire.

Mwen chwazi sispann. Sispann fòse. Sispann eksplike. Sispann pote sa ki pa pou mwen.

Sa se pa yon abandonn. Se yon poz. Yon poz ki nesesè. Yon poz ki sove lavi.

Mwen kontinye mache, menm si mwen fatige. Mwen kontinye kwè, menm si mwen pa gen tout repons yo. E sa, mwen asime l.

Ou gen dwa

Si w ap li mo sa yo, konnen sa : Ou gen dwa chanje. Ou gen dwa rekòmanse, menm si pèsonn pa kwè ladan w. Ou gen dwa briye, menm si yo eseye fè w douté.

Mwen se prèv vivan. Mwen se fanm ki leve. Mwen se fanm ki chwazi tèt li.